Anons Enpòtan-43èm Asanble Jeneral Kès Popilè Espwa

  • Post category:Avis

Konsèy Administrasyon Kès Popilè Espwa mete l byen ba ankò devan tout sosyetè yo, pou l enfòme yo ke Asanble Jeneral Kès la ki te ranvwaye nan mwa oktòb 2019 la ap fèt jou dimanch kap 5 janvye 2020 an nan Sal Polivalant Dyosèz Jakmèl la.

Tout sosyetè alawonnbadè envite pou vin patisipe nan 43èm Asanble Jeneral Kès la nan dat kap 5 janvye a depi 9è 30 nan maten, nan Sal Polivalant Dyosèz Jakmèl la.

Fèt nan Jakmèl jou samdi 7 desanm 2019.

Pou konsèy administrasyon an: Pierre Louis JEAN-MARIE, Prezidan