You are currently viewing DON YON JENERATRIS A LISE JM HENRIQUEZ

DON YON JENERATRIS A LISE JM HENRIQUEZ

Nan kad aktivite sosyal Kès Popilè Espwa ap rapouswiv, li bay lise Jacob Martin Henriquez yon jeneratris mak INC-CO ki gen yon kapasite 8 mil watt. Don sa a fèt nan objektif pou ede lekòl la gen kouran pou yo kapab travay lajounen kou lannwit ak pou ede sal enfòmatik lekòl la fonksyone pi byen. Seremoni remiz materyèl sa a te fèt nan syèj sosyal Kès la jodi samdi 16 oktòb 2021 an sou kouvèti laprès kote manb Konsèy kès la, kèk anplwaye, kèk dirijan lekòl JM Henriquez, kèk elèv ak paran te prezan.