You are currently viewing PWOTOKÒL DAKÒ ANT “Caisse Populaire Espoir” ak lekòl “Maurice Sixto”

PWOTOKÒL DAKÒ ANT “Caisse Populaire Espoir” ak lekòl “Maurice Sixto”

Jou samdi 11 desanm 2021 an, Kès Espwa siyen yon pwotokòl dakò ak Lekòl Maurice Sixto.

Men sa ki nan pwotokòl dakò sila a:

– Kès Popilè Espwa angaje pou l peye salè 6 pwofesè soti nan mwa oktòb 2021 pou rive nan mwa jen 2022 pou yon montan 324,000.00 Goud.

– Kès Popilè Espwa angaje pou l bay elèv lekòl Maurice Sixto yo kaye, plim, kreyon, gòm, enstriman jewometrik , elatriye.

– Kès Popilè Espwa angaje pou l peye ane lwaye kay kote lekòl la ye a pou 75,000 goud nan limit pwotokòl la.

– Kès Popilè Espwa angaje pou l bay direksyon lekòl la 50,000 goud pou l fonksyone.Ki donk;

– Kès Popilè Espwa angaje l pou l akonpaye lekòl Maurice Sixto pandan ane lekol 2021-2022 a.

Asistans sila a ap koute kès Popilè Espwa an total 549,000 goud. Pwotokòl sila a te siyen jounen samdi 11 desanm 2021 lan nan syèj sosyal Kès Espwa an prezans laprès, dirijan Kès Espwa, anplwaye, kèk pwofesè lekòl la, kèk paran ak elèv ki te prezan.